Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Depoze yon Chaj sou Diskriminasyon

Depoze yon Chaj sou Diskriminasyon

Avek EEOC

Si ou kwè yo te sibi diskriminasyon nan travay ou akoz ras ou, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès, idantite seksyèl, ak oryantasyon seksyèl), orijin nasyonal, laj (40 ane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik, ou ka depoze yon Chaj sou Diskriminasyon. Yon chaj sou diskriminasyon se yon deklarasyon ki siyen ki deklare ke yon anplwayè, yon sendika oswa yon òganizasyon sendika te angaje nan diskriminasyon nan anplwa. Sa mande pou EEOC  pran mezi pou fè koreksyon.

Tout lwa EEOC aplike yo, eksepte lwa sou Peman Egal la, egzije wou depoze yon chaj pou diskriminasyon avèk nou anvan ou ka depoze yon pouswit pou diskriminasyon nan travay kont anplwayè ou an. Anplis de sa, yon moun, yon òganizasyon, oswa yon ajans kapab depoze yon chak sou demand yon lòt moun pou pwoteje idantite moun ki viktim nan. Genyen delè pou depoze yon chaj. Lwa EEOC aplike yo egzije ajans lan pou enfòme anplwayè a ke yon chanj te depoze kont li.

Yon chaj sou Diskriminasyon ka fèt atravè Pòtay Piblik EEOC a aprè ou soumèt yon demand enfòmasyon sou entènèt epi nou egzamine li. Depoze yon chaj fòmèl pou diskriminasyon nan anplwa se yon dosye ki enpòtan anpil. Nan eksperyans EEOC a, lè yon moun genyen opòtinite pou diskite sou enkyetid ou yo avèk manb pèsonèl EEOC a nan yon entèvyou, se pi bon fason pou evalye fason pou abòde pwoblèm ou yo konsènan diskriminasyon nan fason ki apwopriye pou ou a. Nan tout ka, desizyon final pou depoze yon chaj se pwòp responsablite wou.

Si ou genyen 60 jou oswa mwens pou depoze yon chaj nan lè ki dezinye a, Pòtay Piblik EEOC a pral bay enstriksyon espesyal pou founi enfòmasyon ki nesesè yo byen vit bay EEOC ak fason pou depoze yon chaj byen vit. Oswa, ale nan jwenn Biwo ki Pi Pre’w La epi antre kòd postal ou an pou enfòmasyon kontak nan biwo EEOC ki pi pre’w la.

Lwa EEOC aplike yo egzije ajans lan pou aksepte chaj ki afime diskriminasyon sou anplwa.  Si lwa yo pa aplike ak demann ou yo, si chanj ou an pa te depoze nan delè lwa a, oswa si EEOC  deside pou limite ankèt la, EEOC ap ranvwaye chaj la okenn lòt ankèt epi ap enfòme’w konsènan dwa legal ou yo.

Nan Yon Ajans Lokal oswa Ajans Eta a

Anpil eta ak jiridiksyon lokal genyen pwòp lwa kont diskriminasyon yo, epi ajans yo responsab pou aplike lwa sa yo (Ajans sou Pratik Anplwa Egal yo, oswa FEPA yo). Si ou depoze yon chaj nan yon FEPA, li pral otomatikman “depoze yon doub chaj” nan EEOC a si lwa federal yo aplike. Ou pa bezwen depoze yon lot chaj men si ou toude ajans yo.

Remak: Anplwaye federal ak moun ki mande travay yo genyen pwoteksyon similè, men yon diferan pwosesis pou plent.

Anplwaye ak Gouvènman Federal yo ak Moun ki Aplike yo

Pwosedi pou depoze yon plent sou diskriminasyon kont yon ajans gouvènman federal genyen diferans parapò ak pwosedi pou depoze yon chaj kont yon anplwayè piblik oswa yon anplwayè prive. Pou plent sou diskriminasyon kont yon ajans gouvènman federal la, pwosedi yo diferan.  Ale sou Anplwaye Federal ak Moun ki Aplike yo pou jwenn yon deskripsyon konsènan pwosedi sa yo.  Anplwaye federal ak moun ki aplike yo ka mande yon odyans oswa ka depoze yon apèl nan EEOC atravè Pòtay Piblik EEOC a, ki pèmèt moun:

  • Kreye yon kont
  • Mande yon rankont
  • Depoze yon apèl
  • Idantifye yon reprezantan epi bay enfòmasyon kontak yo
  • Soumèt epi resevwa dokiman ki sipòte demand rankont lan oswa apèl la