Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Rekou Pou Diskriminasyon sou Anplwa

Rekou Pou Diskriminasyon sou Anplwa

Nenpòt lè yo dekouvri diskriminasyon, objektif lwa a se pou mete viktim diskriminasyon an nan menm pozisyon an (oswa prèske menm nan) li t’ap ye a si diskriminasyon an pa te janm rive.

Tip soulajman sa yo depann de aksyon diskriminatwa a ak efè li genyen sou viktim nan. Pa egzanp, si yon moun seleksyone pou yon travay oswa yon pwomosyon akoz diskriminasyon, rekou a kapab genyen ladan plasman nan travay la ak/oswa salè retwo-aktif ak avantaj moun nan t’ap resevwa a.

Epitou yo pral egzije anplwayè pou sispann tout pratik ki diskriminatwa epi pran mezi pou anpeche lòt diskriminasyon rive pi devan.

Epitou yon viktim diskriminasyon kapab anmezi pou rejwenn frè avoka yo, frè temwen ekspè yo, ak frè tribinal la.

Rekou yo Kapab Genyen Ladan Domaj Konpansatwa ak Domaj pou Pinisyon

Domaj konpansatwa ak domaj pou pinisyon yo kapab akòde nan ka ki enplike diskriminasyon entansyonèl ki baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, sèks (ki genyen ladan gwosès, idantite seksyèl, ak oryantasyon seksyèl), relijyon, andikap, oswa enfòmasyon jenetik.

Konpansasyon pou Domaj yo peye viktim nan depans deyò pòch li ki te lakoz pa diskriminasyon an (tankou frè ki asosye ak yon rechèch travay oswa depans medikal) epi konpanse yo pou tout domaj emosyonèl yo te sibi (tankou detrès mantal, enkonvenyans, oswa pèt plezi lavi a).

Domaj pou pinisyon yo kapan akòde pou pini yon anplwayè ki te komèt yon zak diskriminasyon ki enpridan ki mechan.

Limit sou Konpansasyon pou Domaj ak Domaj pou Pinisyon

Genen limit nan kantite domaj konpansatwa ak domaj sou pinisyon yon moun kapan jwennl. Limit sa yo varye taprè dimansyon anplwayè a:

  • Pou anplwayè ki genyen 15-100 anplwaye, limit la se $50,000.
  • Pou anplwayè ki genyen 101-200 anplwaye, limit la se $100,000.
  • Pou anplwayè ki genyen 201-500 anplwaye, limit la se $200,000.
  • Pou anplwayè ki genyen 500 anplwaye, limit la se $300,000.

Diskriminasyon sou Laj oswa sou Sèks ak Domaj-Enterè

Nan ka ki enplike diskriminasyon sou laj, oswa nan ka ki enplike diskriminasyon sou baz sèks selon lwa Peman Egal la, viktim yo ka jwenn retabliswa konpansasyon pou domaj oswa domaj pou pinisyon, men genyen dwa nan “domaj- enterè.”

Domaj pou pinisyon yo kapan akòde pou pini zak diskriminasyon ki enpridan ki mechan. Kantite domaj-enterè ki kapab akòde egal ak kantite salè retwo-aktif ki te akòde ak viktim nan.