Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon: Diskriminasyon ki baze sou Relijyon

Feyè Enfòmasyon: Diskriminasyon ki baze sou Relijyon

Avi Konsènan Nòm sou Kontrent Egzajere Tit VII la nan Ka Amenajman Relijye yo.

Dokiman sa a te pibliye anvan desizyon Tribinal Siprèm te pran nan zafè Groff kont DeJoy, 143 S. Ct. 2279 (2023). Opinyon Groff klarifye ke "lefèt pou montre 'plis pase yon kou de minimis (ensiyifyan)'... pa sifi pou etabli kontrent egzajere daprè Tit VII." Olye desa, Tribinal Siprèm lan te estime ke "gen prèv yo itilize kontrent egzajere lè yon fado vin sibstansyèl nan kontèks global aktivite yon anplwayè", "lè yo pran an konsiderasyon tout faktè enpòtan nan ka an kesyon an, tankou amenajman patikilye ki an koz la epi enpak pratik yo genyen, an fonksyon de nati, gwosè ak kou fonksyònman yon anplwayè." Groff gen priyorite sou tout enfòmasyon kontrè ki nan paj wèb sa a. Pou jwenn plis enfòmasyon sou resous EEOC ofri sou diskriminasyon relijye, tanpri konsilte Diskriminasyon sou Relijyon.

Tit 7 nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil entèdi konpayi yo fè diskriminasyon kont moun poutèt relijyon yo (oswa mank kwayans relijye) nan zafè anbochay, revokasyon, oswa nenpòt lòt tèm ak kondisyon travay. Lwa a entèdi tou separasyon nan travay sou baz relijyon, tankou afekte yon anplwaye nan yon pòs kote li pa an kontak ak kliyan akoz kliyan an prefere sa toutbonvre oswa li gen krentif.

Anplis, Lwa a egzije pou konpayi yo fè akomodasyon pou kwayans ak pratik relijye aplikan ak anplwaye yo sof si sa ap lakoz gwo difikilte sou fonksyònman biznis konpayi a. Yon akomodasyon relijye ki rezonab se nenpòt ajisteman nan anviwònman travay la ki pral pèmèt anplwaye a pratike relijyon li. Orè fleksib, ranplasman oswa echanj woulman volontè, re-afektasyon, transfè lateral, ak eksepsyon nan règ pou rad oswa pou swen pèsonèl se egzanp akomodasyon pou kwayans relijye yon anplwaye.

Konnen si yon akomodasyon patikilye ap reprezante yon difikilte ki twòp sou biznis konpayi a depannde sitiyasyon moun lan.  Pa egzanp, yon akomodasyon ka lakoz difikilte ki twòp si li koute chè, si li deranje sekirite nan espas travay la, si li diminye efikasite nan espas travay la, si li vyole dwa lòt anplwaye yo, oswa si li egzije lòt anplwaye yo fè plis pase pati travay pa yo a ki ka danjere oswa penib. Yo ka montre yon difikilte ki twòp si demand pou yon akomodasyon vyole dwa travay lòt moun yo pwouve gras ak yon akò negosyasyon kolektif oswa yon sistèm ansyènte

Tit 7 la entèdi tou yo arase anplwaye yo poutèt relijyon yo, tankou remak chokan sou kwayans oswa pratik relijye yon moun.  Menm si lwa a pa entèdi mokri senp, kòmantè enfòmèl, oswa ensidan izole ki pa twò grav, arasman la kapab ilegal lè li fèt tèlman souvan oswa lè li tèlman grav li kreye yon anviwònman travay ki ostil oswa chokan oswa lè li lakoz yo pran yon move desizyon travay (tankou yo revoke oswa desann grad viktim lan).

Li ilegal tou pou vanje kont yon moun poutèt li pa aksepte pratik travay ki fè diskriminasyon ki baze sou relijyon oswa poutèt li depoze yon akizasyon pou diskriminasyon, temwaye, oswa patisipe nan nenpòt mannyè nan yon ankèt, pwosè, oswa litij selon Tit 7 la.

Pou’w jwenn plis enfòmasyon, gade Kesyon ak Repons: Diskriminasyon ki baze sou Relijyon nan Espas Travay nan https://www.eeoc.gov/laws/guidance/questions-and-answers-religious-discrimination-workplace ak Pi Bon Pratik pou Dechouke Diskriminasyon ki baze sou Relijyon nan Espas Travay nan https://www.eeoc.gov/laws/guidance/best-practices-eradicating-religious-discrimination-workplace.