Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Pwoteksyon pou Sendika ak Komite Konjwen pou Aprantisaj

Pwoteksyon pou Sendika ak Komite Konjwen pou Aprantisaj

Pwoteksyon Jeneral

Lwa ki entèdi diskriminasyon sou ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan oryantasyon seksyèl, idantite seksyèl, ak gwosès) orijin nasyonal, andikap, ak enfòmasyon jenetik (tankou antesedan medikal fanmi an) aplike ak tout òganizasyon travay ki jere yon biwo rekritman oswa ki genyen omwen 15 manb.

Sendika ak Pratik Ilegal

Yo entèdi yon sendika fè diskriminasyon nan kapasite li antanke yon anplwayè, nan kapasite li antanke yon reprezantan negosyatè pou manb li yo, oswa antanke yon ajans referans oswa yon ajans rekritman. Li ilegal pou yon sendika refize travay avèk moun akoz ras yo, koulè yo, relijyon yo, sèks yo (ki genyen ladan gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik. Li ilegal pou yon sendika limite, izole oswa klasifye manb li yo sou baz ras yo, koulè yo, relijyon yo, sèks yo (ki genyen ladan gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik. Li ilegal pou yon sendika refize refere yon manb pou travay oswa refize reprezante yon manb akoz ras yo, koulè yo, relijyon yo, sèks yo (ki genyen ladan gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik moun nan.

Diskriminasyon sou Laj Ak Pwoteksyon

Lwa ki entèdi diskriminasyon sou laj la aplike ak tout òganizasyon travay ki ap jere yon biwo rekritman oswa ki genyen pi piti 25 manb.

Lwa sou Peman Egal Ak Pwoteksyon

Vityèlman, tout òganizasyon travay ki kouvri anba lwa sou Peman Egal la (EPA), ki ran’n li iligal pou peye gason ak fanm diferan salè si yo fè yon travay ki plizoumwen egal nan menm espas travay la.

Komite Konjwen pou Aprantisaj ak Pratik ki Ilegal

Epitou lwa a kouvri tout komite ki jere travay ansanb ki kontwole aprantisaj oswa lòt pwogram fòmasyon oswa pwogram rekalifikasyon, ki genyen yon pwogram fòmasyon travay ki ankou pou travay la. Li ilegal pou yon komite konsa fè diskriminasyon kont tout moun akoz ras li, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik, pandan admisyon, oswa anplwa nan tout pwogram ki etabli pou fè aprantisaj oswa lòt fòmasyon.

Koman Pou Deside Sendika ak Komite Konjwen pou Aprantisaj Kouvri

Si ou pa sèten si genyen kouvèti, ou ta dwe kontakte youn nan biwo ekstèn nou yo osito sa posib pou nou ka pran desizyon sa a. Epitou li enpòtan pou sonje, si yon sendika oswa yon komite konjwen pou aprantisaj pa kouvri pa lwa nou aplike yo, li kapab toujou kouvri pa lwa anti-diskriminasyon lokal oswa eta a. Si se konsa, nou ka refere wou bay ajans lokal oswa ajans eta a ki aplike lwa sa a.