Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Eta Sivil oswa Kantite Timoun

Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Eta Sivil oswa Kantite Timoun

Kesyon konsènan eta sivil ak kantite timoun ak laj timoun souvan itilize pou fè diskriminasyon kont fanm epi sa kapab vyole Lwwa VII la si yo itilize pou refize oswa pou limite opòtinite anplwa yo.

Li klèman diskriminatwa pou poze sèlman fanm kesyon sa yo epi ou pa poze gason yo (oswa vis vèsa). Menm si ou poze ni gason ni fanmi yo, kesyon sa yo kapab konsidere kòm prèv entansyon pou fè diskriminasyon kont, pa egzanp, fanm ak timoun.

An jeneral, anplwayè yo pa ta dwe itilize kesyon ki pa genyen rapò ak travay ki enplike eta sivil, kantite timoun oswa depandan/oswa laj timoun oswa depandan, oswa non konjwenn oswa non timoun moun ki aplike a. Ou kapab fè demann enfòmasyon sa yo aprè yon òf travay te fèt epi te aksepte si nesesè pou asirans oswa pou lòt objektif biznis ki legal.

Demann enfòmasyon anvan travay sa yo kapab konsidere kòm prèv entansyon pou fè diskriminasyon lè ou mande yo nan kontèks anvan travay la:

  • Keseswa moun ki fè aplikasyon an ansent.
  • Eta sivil moun ki fè aplikasyon an oswa keseswa moun ki fè aplikasyon an planifye pou marye.
  • Kantite timoun ak laj timoun oswa plan pou fè lòt timoun.
  • Aranjman pou gadri.
  • Sitiyasyon anplwa konjwen.
  • Non konjwen.