Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Itilizasyon Kodeyin, Oksikodòn ak Lòt Opyoyid: Enfòmasyon pou Anplwaye yo

Itilizasyon Kodeyin, Oksikodòn ak Lòt Opyoyid: Enfòmasyon pou Anplwaye yo

Si ou ap itilize opyoyid, si ou gen yon depandans pou opyoyid, ou te gen yon depandans pou opyoyid, men ou p ap pran dwòg ilegalman, ou ta dwe konnen ke dapre Lwa sou Ameriken ki gen Andikap (Americans with Disabilities Act, ADA) la, ou ka gen dwa pou w jwenn amenajman rezonab ansanm ak lòt pwoteksyon ki ka ede w kenbe travay ou.[1]

Pami "Opyoyid yo" genyen medikaman ki bay sou preskripsyon tankou codeyin, mòfin, oksikodòn (OxyContin®, Percodan®, Percocet®), idrokodòn (Vicodin®, Lortab®, Lorcet®) (OxyContin®, Percodan®, Percocet®), ak meperidin (Demerol®), ansanm ak dwòg ilegal tankou ewoyin. Pami yo tou genyen biprenòfin (Suboxone® or Subutex®) ak metadòn ke yo ka preskri pou trete depandans pou opyoyid nan kad yon pwogram Tretman ak Asistans Medikaman (“MAT”)

Kesyon ak repons Komisyon Opòtinite Anplwa Egal (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) ki annapre yo rezime dwa sa yo. Enfòmasyon sa yo pa yon nouvo regleman; sepandan, dokiman sa a aplike prensip ki deja etabli nan dispozisyon lwa ak règleman ADA a ansanm ak direktiv ki pibliye deja. Kontni gid sa a pa gen otorite ak efè de lwa epi li pa gen objektif pou li kontrenn piblik la nan okenn fason. Sèl entansyon dèyè gid sa a, se pou bay klarifikasyon sou egzijans ki egziste daprè lalwa, pou piblik la. Ou ka gen lòt dwa ankò dapre lòt lwa tankou Lwa sou Konje pou Fanmi ak Konje Maladi (Family and Medical Leave Act, FMLA) ak lwa Eta a oswa lwa lokal kote w ap viv la[2]

Diskalifikasyon nan yon Travay

  1. Èske itilizasyon opyoyid kounye a oswa itilizasyon opyoyid nan tan pase kapab diskalifye m otomatikman pou yon djòb?

ADA bay anplwayè yo dwa pou revoke w epi pran lòt mezi kont ou nan travay la akòz itilizasyon ilegal opyoyid, menm si w pa poze yon pwoblèm pèfòmans oswa sekirite.[3] Epitou, anplwayè yo gen dwa diskalifye w si yon lòt lwa federal egzije pou yo fè sa.[4]

Men, si lwa federal pa diskalifye w epi itilizasyon opyoyid ou a legal, yon anplwayè pa kapab diskalifye w otomatikman akoz itilizasyon opyoyid san li pa konsidere si gen yon fason pou w fè travay la san danje epi avèk efikasite (gade Kesyon 4–13).[5]

  1. E si mwen nan yon pwogram MAT pou depandans pou opyoyid ki oblije m pran medikaman opyoyid?

Si w ap pran yon medikaman opyoyid konfòmeman ak enstriksyon yon pwogram MAT bay, alòs ou genyen yon preskripsyon valab epi itilizasyon w ap fè de medikaman an legal. Dapre ADA, yo pa kapab refize w yon djòb oswa revoke w paske ou nan yon pwogram MAT, sof si w pa ka fè travay la san danje epi avèk efikasite, oswa ou gen yon lòt lwa federal ki diskalifye w.

  1. E si yon tès depistaj dwòg pozitif paske m ap itilize medikaman opyoyid legalman?

Anplwayè ta dwe bay tout moun ki gen pou fè tès depistaj dwòg yon opòtinite pou bay enfòmasyon sou itilizasyon legal dwòg ki ka lakòz itilizasyon opyoyid parèt nan rezilta tès depistaj dwòg la. Yon anplwayè ka fè sa lè li mande tout moun ki teste pozitif pou yon eksplikasyon.

Pèfòmans ak Sekirite

  1. E si anplwayè a panse ke itilizasyon opyoyid, antesedan itilizasyon opyoyid, oswa tretman depandans pou opyoyid la kapab nwi sekirite ak efikasite pèfòmans mwen nan travay la?

Si w pa itilize opyoyid ilegalman epi lwa federal pa diskalifye w pou travay la, anplwayè a ka oblije ba ou yon amenajman rezonab anvan li revoke w oswa rejte kandidati w lan akoz itlizasyon opyoyid. Si anplwayè a mete w okouran de enkyetid li, ou dwe mande yon amenajman rezonab si w vle youn. (Gade Kesyon 9, pi ba a.)

Yon amenajman rezonab se yon chanjman kèlkonk nan fason bagay yo fèt nòmalman nan travay la tankou yon chanjman nan orè poz ak travay (egzanp, fikse lè travay an fonksyon de tretman), yon chanjman nan woulman, oswa yon transfè tanporè nan yon lòt pòs. Sa yo se jis egzanp; anplwaye yo lib pou mande, epi anplwayè yo lib pou sijere, lòt modifikasyon oswa chanjman.

Sepandan, yon anplwayè pa janm oblije bese estanda pwodiksyon oswa estanda pèfòmans yo, elimine fonksyon esansyèl (travay fondamantal) yon pòs, peye pou travay ki pa fèt, oswa eskize itilizasyon dwòg ilegal nan travay la kòm yon amenajman rezonab. [6] 

  1. Èske mwen ka jwenn yon amenajman rezonab paske m ap pran opyoyid sou preskripsyon pou trete doulè?

Ou ka anmezi pou jwenn yon amenajman rezonab si ADA kalifye maladi ki ba w doulè a kòm yon andikap. Yon maladi pa oblije pèmanan oswa anpeche w travay pou li yon "andikap" dapre ADA.[7] Anpil maladi ki bay doulè fò ase pou yon doktè preskri opyoyid ap kalifye.

Ou kapab kalifye tou pou yon amenajman rezonab si medikaman opyoyid w ap pran an nwi fonksyonnman nòmal ou.

Se responsablite w pou w mande yon amenajman rezonab si w vle youn. (Gade Kesyon 9, anba a).

  1. Èske mwen ka jwenn yon amenajman rezonab akòz depandans pou opyoyid?

Wi, depandans pou opyoyid (ke yo rele pafwa "twoub itilizasyon opyoyid (opioid use disorder)" oswa "OUD") limenm se yon maladi yo dyagnostike ki kapab yon andikap ADA. Ou ka anmezi pou jwenn yon amenajman rezonab pou OUD. Men, yon anplwayè ka refize w yon amenajman si w ap itilize opyoyid ilegalman, menm si w gen OUD.

  1. E si mwen te refè de yon depandans pou opyoyid, men mwen toujou bezwen yon amenajman rezonab pou ede m evite rechite?

Ou ka jwenn amenajman rezonab ou bezwen akoz yon andikap ou te genyen nan tan pase.[8] Ou ka anmezi pou jwenn yon chanjman orè, pa egzanp, si ou bezwen ale nan reyinyon gwoup sipò oswa yon sesyon terapi ki ka ede w evite rechite.

  1. Èske mwen ka jwenn amenajman rezonab pou yon pwoblèm sante ki gen rapò ak depandans pou opyoyid?

Wi, si pwoblèm sante a se yon andikap. Pwoblèm sante ke yo asosye souvan ak depandans pou opyoyid, tankou gwo depresyon ak twoub estrès apre twoma (PTSD), ka klase kòm andikap. Pou jwenn plis enfòmasyon sou twoub sante mantal ak ADA, gade Depresyon, PTSD, ak Lòt Twoub Sante Mantal nan Travay: Dwa  Ou Genyen yo sou https://www.eeoc.gov/laws/guidance/depression-ptsd-other-mental-health-conditions-workplace-your-legal-rights ak Wòl Pwofesyonèl Sante Mantal la nan Demann yon Kliyan pou yon Amenajman Rezonab nan Travay sou https://www.eeoc.gov/laws/guidance/mental-health-providers-role-clients-request-reasonable-accommodation-work.

  1. Kisa mwen ta dwe fè si mwen bezwen yon amenajman rezonab?

Mande pou youn. Di yon sipèvizè, yon resposab resous imèn, oswa yon lòt moun apwopriye ke ou bezwen yon chanjman nan travay la akoz eta sante w. Tcheke pou wè si anplwayè a gen pwosedi pou mande amenajman rezonab. Swiv pwosedi sa yo ka fè pwosesis la ale pi vit, menmsi anplwayè a pa ka refize w yon amenajman rezonab jis paske ou pa t swiv on pwosedi byen presi.

Ou gen dwa fè yon demann nenpòt lè. Ou pa bezwen gen yon solisyon amenajman patikilye nan lespri w, men ou ka mande pou yon bagay presi si w konnen kisa li ye. Ou ka fè yon lòt moun tankou yon doktè oswa yon konseye mande pou ou tou menm si gen chans pou anplwayè a ap vle diskite amenajman an avèk ou dirèkteman kanmenm, byen vit jan sa posib.

Etandone ke yon anplwayè pa oblije eskize move pèfòmans pwofesyonèl, menm si se akoz maladi oswa tretman pou yon maladi, li toujou pi bon pou mande yon amenajman rezonab anvan pwoblèm rive oswa vin pi grav. (Anpil moun chwazi tann apre yo fin jwenn yon òf travay pou mande yon amenajman paske li difisil anpil pou pwouve diskriminasyon ilegal ki fèt anvan yon òf travay.)

  1. Kisa k ap rive apre mwen fin mande yon amenajman rezonab?

Anplwayè a ka mande w pou w fè demann nan alekri, oswa pou w ranpli yon fòm, epi pou w dekri, nan yon fason jeneral, kijan andikap ou genyen an afekte travay ou. Anplwayè a ka mande w tou pou w soumèt yon lèt yon pwofesyonèl lasante ki montre andikap ADA (gade Kesyon 6–9 pi wo a) ou genyen an, epi ki eksplike poukisa ou bezwen yon amenajman rezonab poutèt sa. Pou w ede pwofesyonèl lasante w la, montre li on kopi piblikasyon EEOC ki rele Kijan Pou Ede Pasyan Ansyen ak Aktyèl Ki Te Itilize Opyoyid Rete Nan Travay Yo (How to Help Current and Former Patients Who Have Used opyoyids Stay Employed) sou https://www.eeoc.gov/laws/guidance/how-health-care-providers-can-help-current-and-former-patients-who-have-used-opyoyids.

Anplwayè a pa ka revoke w legalman, oswa refize anboche w oswa refize ba w pwomosyon paske w te mande yon amenajman rezonab oswa paske w bezwen youn.[9]

  1. Si mwen bezwen yon amenajman rezonab akòz yon andikap ADA, èske anplwaye a oblije ban mwen li?

Si yon amenajman rezonab ka pèmèt ou fè travay la san danje epi avèk efikasite, epi li p ap lakòz gwo difikilte oswa depans, anplwayè dwe fè youn pou ou.[10] Si gen plizyè amenajman ki ta ka mache, anplwayè a ka chwazi kiyès li vle fè pou ou. Anplwayè a pa kapab fè w peye pou amenajman an.

  1. E si m panse mwen ka fè travay la san danje (ak yon amenajman rezonab, si youn nesesè), men anplwayè a pa dakò?

Ann sipoze ke lwa federal pa diskalifye w oswa ou p ap itilize opyoyid ilegalman, anplwayè a dwe gen prèv reyèl ke ou pa ka fè travay la oswa ke ou poze yon gwo risk sekirite, menm ak yon amenajman rezonab. Pou retire w nan travay la pou rezon sekirite, prèv la dwe montre ke ou reprezante yon gwo risk pou gwo malè grav—yo pa ka retire w akoz risk ki pa sèten.[11] Pou asire l ke li gen ase prèv reyèl sou sa ou ka fè san danje epi ak efikasite, anplwayè a ka mande w pou w fè yon evalyasyon medikal.[12]

  1. E si mwen reyèlman pa ka fè travay la san danje oswa nan yon jan ki fyab kounye a, men mwen ka vin kapab fè li san danje ankò alavni?

Anplwayè a ka oblije konsève djòb la pou ou pandan konje w pran pou tretman oswa konvalesans. Si w bezwen konje akòz yon andikap ADA (gade Kesyon 6–9), ou sipoze gen dwa sèvi ak konje maladi ak konje akimile tankou tout lòt moun, sof si w ap itilize opyoyid ilegalman. Ou ta dwe tcheke tou règleman konje anplwayè w la pou w wè si li bay konje pou tretman abi sibstans.

Menm si ou pa gen okenn konje anplwayè bay ki disponib, ou ka toujou jwenn konje san peye. Si w te travay omwen 1,250 èdtan pandan 12 mwa ki sot pase yo epi anplwayè a gen 50 anplwaye oubyen plis, ou kapab benefisye yon konje san peye dapre FMLA. Se Depatman Travay Etazini ki fè respekte FMLA. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou lwa sa a sou www.dol.gov/whd/fmla. Ou ka gen dwa pou jwenn yon konje san peye tou kòm yon amenajman rezonab si ou bezwen konje a akòz yon andikap, si w pa pran dwòg ilegalman, epi gen atant ke w rejwenn kapasite w pou w fè travay ou.

Si ou vin pa janm kapab fè travay nòmal ou a ankò ditou, ou ka mande anplwayè a pou li transfere ou nan yon pòs ou ka fè kòm yon amenajman rezonab, si gen youn ki disponib. Pou jwenn plis enfòmasyon sou amenajman rezonab nan travay, ki gen ladan transfè nan yon lòt pòs, gade Amenajman Rezonab ak Difikilte Initil Dapre Lwa sou Ameriken ki Gen Andikap, ki disponib https://www.eeoc.gov/laws/guidance/enforcement-guidance-reasonable-accommodation-and-undue-hardship-under-ada.

Pwoteje Dwa Ou Genyen yo

  1. Kisa mwen ta dwe fè si mwen panse yo pa respekte Dwa mwen yo?

Komisyon Opòtinite Anplwa Egal (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) ka ede w detèmine ki pwochen demach pou w fè. Si w deside pote plent pou diskriminasyon nan EEOC, l ap mennen yon ankèt. Paske ou dwe pote plent nan 180 jou apre swadizan vyolasyon an pou w ka fè yon pouswit jidisyè (oswa 300 jou si Eta a oswa lokalite a gen yon lwa pou diskriminasyon nan travay ki konsène anplwayè a tou), li pi bon pou kòmanse pwosesis la bonè. Li ilegal pou anplwayè a fè reprezay kont ou paske w kontakte EEOC oswa paske ou pote plent.

Pou jwenn enfòmasyon jeneral, vizite sitwèb Opòtinite Anplwa Egal (Equal Employment Opportunity, EEO) a (https://www.eeoc.gov), oswa rele EEOC nan 1-800-669-4000 (yon moun ap reponn), 1-800-669-6820 (TTY), oswa nan liy aksè pou langaj siy nou an nan 1-844-234-5122 (ASL Video Phone). 

Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w pote plent, vizite https://www.eeoc.gov/how-file-charge-employment-discrimination. Si ou ta renmen kòmanse pwosesis plent lan, ale sou Pòtay Entènèt Piblik nou an nan https://publicportal.eeoc.gov, kontakte nou nan youn nan nimewo telefòn ki piwo yo, oswa vizite biwo lokal EEOC a (gade https://www.eeoc.gov/field-office pou jwenn enfòmasyon kontak).

 

 

[1] 42 U.S.C. § 12112, et seq.; 29 C.F.R. §§ 1630.1 – 1630.16. Divès aspè non diskriminasyon, amenajman rezonab, ak lòt pwoteksyon Chapit I ADA a te adrese nan diferan seksyon nan lwa ak règleman yo. Gade, egzanp, 29 C.F.R. § 1630.2(g) –(k) (dosye andikap prezan ak andikap pase) ak 1630.9 (amenajman rezonab jeneralman); gade tou 42 U.S.C. § 12114 (eksklizyon pa rapò ak itilizasyon dwòg ilegal).

[2] FMLA a, 29 U.S.C. § 2601, et seq. Se Depatman Travay (DOL) ki fè respekte l. Gen plis enfòmasyon sou FMLA ki disponib nan règleman DOL FMLA nan 29 C.F.R. pati 825, ak sou sitwèb DOL la nan www.dol.gov

[3] 42 U.S.C. § 12114, 12210; 29 C.F.R. § 1630.3, 1630.16(b) ak (c).

[4] 29 C.F.R. § 1630.16(e).

[5] 42 U.S.C. § 12111(3); 29 C.F.R. § 1630.2(r), 1630.15(2).

[6] 42 U.S.C. § 12114(c)(4); 29 C.F.R. § 1630.16(b); gade tou 1630.2(m) ak (n).

[7] 42 U.S.C. § 12102; 29 C.F.R. 1630.2(g)-(k).

[8] 29 C.F.R. § 1630.2(k)(3).

[9] 42 U.S.C § 12203; 29 C.F.R § 1630.12.

[10] 42 U.S.C. § 12112(b)(5); 29 C.F.R. §§ 1630.2(o) ak (p), epi 1630.9. Pou plis enfòmasyon sou amenajman rezonab, gade piblikasyon EEOC a Gid pou Ranfòsman Amenajman Rezonab ak Difikilte Enjistifye Dapre ADA (Enforcement Guidance on Reasonable Accommodation and Undue Hardship Under the ADA), ki disponib nan https://www.eeoc.gov/laws/guidance/enforcement-guidance-reasonable-accommodation-and-undue-hardship-under-ada.

[11] 42 U.S.C. § 12113(b); 29 C.F.R. § 1630.2(r).

[12] 42 U.S.C. § 12112(d); 29 C.F.R. § 1630.14.