Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Enfòmasyon Sou Egalite Salè ak Diskriminasyon ki baze sou Konpansasyon

Enfòmasyon Sou Egalite Salè ak Diskriminasyon ki baze sou Konpansasyon

Plizyè lwa federal, ki gen ladan yo lwa ki vini annapre yo Komisyon Ameriken pou Opòtinite Egal Ego nan zafè Travay fè aplike pwoteje dwa anplwaye yo genyen pou yo pa sibi diskriminasyon ki baze sou konpansasyon yo: Lwa 1963 sou Egalite Salè, Tit 7 nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil, Lwa 1967 sou Diskriminasyon ki baze sou Laj nan Travay, epi Tit 1 nan Lwa 1990 pou Ameriken ki gen Andikap.

Lwa kont diskriminasyon ki baze sou konpansasyon an gen ladan li tout peman yo fè bay oswa nan non anplwaye yo kòm salè pou travay yo fè. Tout fòm konpansasyon yo garanti, tankou salè, peman ovètaym, bonis, opsyon acha aksyon, pataj benefis ak plan bonis, asirans vi, peman vakans ak jou ferye, alokasyon pou fè netwayaj oswa achte gazolin, lojman nan otèl, ranbousman frè vwayaj, ak avantaj.

Lwa sou Egalite Salè

Lwa sou Egalite Salè a egzije pou yo bay gason ak fanm yo menm salè pou menm travay yo fè nan menm etablisman an. Travay yo pa oblije egzakteman menm jan an, men yo dwe prèske egal. Se sa ki nan travay la, se pa tit pòs yo, ki detèmine si travay yo prèske egal. Sètadi, EPA a prevwa konpayi yo ka pa peye gason ak fanm ki fè travay ki mande prèske menm konpetans, jefò ak responsablite salè ki pa egal, epi travay yo fè nan menm kondisyon travay yo anndan menm etablisman an. Yo rezime chak nan faktè sa yo anba a:

  • Konpetans
    Yo mezire li selon faktè tankou eksperyans, kapasite, edikasyon, ak fòmasyon ki nesesè pou fè travay la. Pwoblèm lan se ki konpetans ki nesesè pou fè travay la, se pa ki konpetans anplwaye endividyèl yo gendwa genyen. Pa egzanp, yo kapab konsidere de (2) pòs kontabilite kòm pòs ki egal selon EPA a menm si youn nan moun ki okipe pòs yo gen yon metriz nan fizik, piske metriz sa a pa’p nesesè pou pòs la.
  • Jefò
    Se kantite jefò fizik oswa mantal ki nesesè pou fè travay la. Pa egzanp, an nou di gason ak fanm yo travay kòtakòt sou yon chenn k’ap asanble pyès machin. Moun ki nan pwent chenn lan dwe soulve pwodui ki asanble a tou ofiyamezi li ap fini travay la epi mete li sou yon planch. Travay la mande plis jefò pase lòt travay sou chenn asanblaj yo si jefò anplis pou soulve pwodui ki asanble a sou chenn lan anpil epi li fè pati regilye travay la. Pa konsekan, li pa’p yon vyolasyon pou peye moun sa a plis, kit se yon gason kit se yon fanm ki okipe pòs la.
  • Responsablite
    Se degre responsablite ki nesesè pou fè travay la. Pa egzanp, yon vandè yo bay responsablite pou li detèmine si pou yo aksepte chèk pèsonèl kliyan yo gen plis responsablite pase lòt vandè yo. Yon lòt bò, yon ti diferans nan responsablite a, tankou etenn limyè yo nan fen jounen an, pa’p jistifye yon diferans nan salè.
  • Kondisyon Travay
    Sa a anglobe de (2) faktè: (1) anviwònman fizik tankou tanperati, sant; ak vantilasyon; epi (2) danje.
  • Etablisman
    Entèdiksyon kont diskriminasyon ki baze sou konpansasyon selon EPA aplikab sèlman pou pòs anndan yon etablisman. Yon etablisman se yon kote fizik apa pou fè biznis olye se yon biznis oswa antrepriz annantye ki gen plizyè kote pou fè biznis. Nan kèk sikonstans, yo ka konsidere kote fizik apa pou fè biznis yo kòm yon sèl etablisman. Pa egzanp, si yon inite administratif santral rekrite anplwaye, fikse konpansasyon yo, epi mete yo kote pou yo travay apa, yo kapab konsidere kote pou travay apa yo fè pati yon sèl etablisman.

Yo otorize diferans peman yo lè yo baze sou ansyènte, bon kalite, kantite oswa kalite pwodui an, oswa yon faktè ki pa faktè sèks. Yo rele sa yo "defans afimatif" epi se responsablite konpayi a pou pwouve yo aplikab.

Yo pa ka redwi nan salè yon anplwaye lè yo ap korije yon diferans nan salè. Yo dwe ogmante salè anplwaye ki touche mwens lan (yo) pito.

Tit 7, ADEA, ak ADA

Tit 7 la, ADEA, ak ADA entèdi diskriminasyon ki baze sou konpansasyon poutèt ras, koulè po, relijyon, sèks, orijin nasyonal, laj, oswa andikap. Kontrèman ak EPA, pa gen anyen ki egzije pou travay demandè a prèske egal ak travay yon moun yo peye pi byen an deyò kategori pwoteje demandè a, ni lwa sa yo pa mande pou demandè a travay nan menm etablisman ak yon konparatè.

Diskriminasyon ki baze sou konpansasyon selon Tit 7, ADEA, oswa ADA kapab fèt sou divès fòm. Pa egzanp:

  • Yon konpayi peye yon anplwaye ki gen andikap mwens pase anplwaye ki pa gen andikap ki nan menm sitiyasyon an epi eksplikasyon konpayi a bay la (si genyen) pa byen jistifye diferans lan.
  • Yon konpayi fikse konpansasyon pou pòs, pa egzanp, fanm oswa ameriken nwa, prensipalman okipe yo anba konpansasyon etid evalyasyon travay konpayi a sijere, tandiske salè pou travay gason oswa moun blan yo prensipalman okipe kadre avèk nivo etid evalyasyon travay la sijere.
  • Yon konpayi kenbe yon politik oswa pratik konpansasyon net ki fè yon move enpak sou anplwaye ki nan yon kategori pwoteje epi li pa kapab jistifye pou di li gen pou wè ak travay epi li kadre avèk nesesite biznis la. Pa egzanp, si yon konpayi bay konpansasyon anplis pou anplwaye ki se "chèf kay" yo, sètadi, anplwaye ki marye ki gen depandan epi ki se prensipal moun ki bay kòb nan kay la, pratik la gendwa fè yon enpak diferan ki ilegal sou fanm yo.

Li ilegal tou pou vanje kont yon moun poutèt li pa aksepte pratik travay ki fè diskriminasyon ki baze sou konpansasyon oswa poutèt li depoze yon akizasyon pou diskriminasyon, temwaye, oswa patisipe nan nenpòt mannyè nan yon ankèt, pwosè, oswa litij selon Tit 7, ADEA, ADA oswa Lwa sou Egalite Salè a.