Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Pwoteksyon Ajans Anplwa yo

Pwoteksyon Ajans Anplwa yo

Pwoteksyon Jeneral

Yon ajans anplwa, tankou yon ajans ki plase moun nan travay tanporè oswa yon antrepriz rekritman, kouvri pa lwa nou aplike yo si ajans lan regilyèman refere anplwaye yo bay anplwayè yo. Sa se yon reyalite menm si ajans anplwa a pa resevwa peman pou sèvis sa a, epi ajans lan kouvri kèlkeswa kantite anplwaye li genyen.

Ajans Anplwa ak Pratik Referans ki Ilegal

Yo entèdi yon ajans anplwa pou fè diskriminasyon kont pwòp anplwaye li yo, menm jan ak pratik referans li yo. Yon ajans anplwaye kapab pa onore preferans ki diskriminstwa pa anplwayè a. Pa egzanp, li ilegal pou aksepte yon demand travay ki espesifye ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen landan gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik kandida a. Yon ajans anplwa kapab pa categorize gwoup oswa klasifye moun ki aplike pou travay, djòb, oswa anplwayè sou baz ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), sitiyasyon andikap oswa enfòmasyon jenetik epi fè referans sou baz kategorizasyon. Pa egzanp, li ilegal pou klasifye ak pou refere sèlman gason nan pozisyon “ti endistri” oswa sèlman fanm nan pozisyon “biwo” yo. Anplis de sa, yon ajans anplwa kapab pa genbe yon anviwònman san diskriminasyon kont pwòp anplwaye li yo pou sa ki konsène salè, pwomosyon, elatriye.

Koman pou Deside si Ajans Anplwa yo Kouvri

Si ou pa sèten si genyen pwoteksyon, ou ta dwe kontakte youn nan biwo ekstèn nou yo pi vit ke posib pou nou ka pran desizyon sa a. Epitou li enpòtan pou sonje, si yon ajans anplwa pa kouvri anba lwa nou aplike yo, li kapab toujou kouvri anba lwa kont diskriminasyon lokal oswa Eta a. Si se konsa, nou ka refere’w bay ajans lokal oswa ajans Eta a ki aplike lwa sa a.