Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Pwoteksyon Gouvènman Lokal ak Gouvènman Eta yo

Pwoteksyon Gouvènman Lokal ak Gouvènman Eta yo

Pwoteksyon Jeneral

Si ou genyen yon plent kont yon ajans gouvènman lokal oswa ajans gouvènman Eta epi biznis ki enplike diskrimasyon sou ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès), orijin nasyonal, laj (40 oswa plis) andikap oswa enfòmasyon jenetik, ajans lan kouvri anba lwa nou aplike si li genyen 15 oswa plis anplwaye ki te travay pou ajans lan pou pi piti pandan ven (20) semèn kalandriye (nan ane sa a oswa ane pase a).

Diskriminasyon sou Laj ak Pwoteksyon

Si plent ou an rapò ak diskriminasyon kont laj, ajans gouvènman lokal oswa ajans gouvènman eta a kouvri pa lwa a kèlkeswa kantite anplwaye li genyen.

Pwoteksyon Sou Lwa Peman Egal

Prèske tout gouvènman lokal ak gouvènman eta yo kouvri pa lwa sou Peman Egal la (EPA), ki ran’n li iligal pou peye gason ak fanm riferan salè si yo fè yon travay ki plizoumwen egal nan menm espas travay la.

Koman pou Deside si Gouvènman Lokal ak Gouvènman Eta yo Kouvri

Detèmine si yon gouvènman lokal oswa yon gouvènman eta ki kouvri oswa ki pa kouvri kapab konplike. Si ou pa sèten si yo kouvri, ou ta dwe kontakte youn nan biwo nou yo osito sa posib pou nou ka pran desizyon sa a. Epitou li enpòtan pou sonje, si yon anplwayè pa kouvri pa lwa nou aplike yo, anplwayè a kapab toujou kouvri pa lwa kont diskriminasyon lokal oswa eta a. Si se konsa, nou ka refere w bay ajans lokal oswa ajans Eta a ki aplike lwa sa a.