Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Diskriminasyon sou Gwosès

Diskriminasyon sou Gwosès

Diskriminasyon sou gwosès enplike trete yon fanm (yon moun ki aplike oswa yon anplwaye) defavorab akoz gwosès, nesans yon timoun, oswa yon pwoblèm medikal ki lye ak gwosès oswa nesans yon timoun.

Diskriminasyon sou Gwosès ak Sitiyasyon Travay

La lwa Diskriminasyon sou Gwosès (PDA) entèdi diskriminasyon sou baz gwosès lè sa konsène tout aspè anplwa a, ki genyen ladan lè y’ap anboche, revoke, peye, atribisyon travay, pwomosyon, revokasyon, fòmasyon, avantaj anplis, tankou konje ak asirans sante ak tout lòt tèm oswa kondisyon travay.

Diskriminasyon sou Gwosès ak Andikap Tanporè

Si yon fanm tanporèman pa anmezi pou fè travay li akoz yon pwoblèm medikal oswa nesans yon timoun, anplwayè a oswa lòt antite ki kouvri yo dwe trete’l nan menm fason li trete tout lòt anplwaye ki tanporèman andikape yo. Pa egzanp, anplwayè a kapab dwe bay travay ki lejè, lòt tach, konje pou andikap, oswa konje ki pa peye pou anplwaye ki ansent si li fè sa pou anplwaye ki tanporèman andikape yo.

Anplis, twoub ki soti nan gwosès (pa egzanp, dyabèt jestasyonèl oswa eklanmsi, yon kondisyon ki karakterize pa ipètansyon ki kreye pa gwosès ak pwoteyin nan pipi) kapab andikap selon Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap yo (ADA).  Yon anplwayè kapab dwe bay yon aranjman ki rezonab (tankou konje oswa modifikasyon ki pèmèt yon anplwaye fè travay li) pou yon andikap ki genyen rapò ak gwosès, absans twòp difikilte (gwo difikilte oswa depans).  Lwa 2008 sou Amannman ADA rann li pi fasil pou montre ke yon pwoblèm medikal se yon andikap ki kouvri.  Pou plis enfòmasyon konsènan ADA a, gade https://www.eeoc.gov/ht/diskriminasyon-sou-andikap.  Pou plis enfòmasyon konsènan Lwa sou Amannman ADA a, see https://www.eeoc.gov/regulations-related-disability-discrimination.

Diskriminasyon sou Gwosès ak Asèlman

Li ilegal pou asele yon fanm akoz gwosès, nesans yon timoun, oswa yon pwoblèm medikal ki genyen rapò gwosès oswa nesans yon timoun. Asèlman ilegal se lè li fèt twò souvan oswa li grav epi li rive kreye yon anviwònman travay ki ofansif oswa ki agresif oswa lè li mennen yon desizyon ki negatif sou anplwa (tankou yo revoke viktim nan oswa yo redwi nan grad li). Aselè a kapab se sipèvizi viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, yon kòlèg travay, oswa yon moun ki pa yon anplwaye pou anplwayè a, tankou yon kliyan oswa yon konsomatè.

Gwosès, Matènite ak Konje Parantal

Selon PDA a, yon anplwayè ki otorize anplwaye ki tanporèman andikape yo pou pran konje andikap oswa konje san peman, dwe otorize yon anplwaye ki tanporèman andikape akoz gwosès pou fè menm bagay la tou.

Yon anplwayè pa ka izole kondisyon ki lye ak gwosès pou pwosedi espesyal pou detèmine kapasite yon anplwaye pou travay. Sepandan, si yon anplwayè mande anplwaye li yo pou soumèt yon deklarasyon doktè konsènan kapasite yo pou travay anvan yo akòde konje oswa anvan yo peye avantaj pou maladi, anplwayè a kapab mande anplwaye ki te touche pa kondisyon ki genyen rapò ak gwosès la pou soumèt deklarasyon sa yo.

Anplis, selon Lwa 1993 la sou Konje Medikal ak Familyal la (FMLA), yon nouvo paran (ki genyen ladan paran adoptif oswa paran k’ap jere timoun) kapan elijib pou 12 semèn konje (ki peye oswa ki pa peye si anplwaye a te genyen oswa te akimile li) ki kapab itilize pou swen nouvo timoun nan. Pou kapab elijib, anplwaye a dwe te travay pou anplwayè a pandan 12 mwa anvan li pran konje a epi anplwayè a dwe genyen yon kantite anplwaye ki presi.  Gade http://www.dol.gov/whd/regs/compliance/whdfs28.htm.

Lwa sou Gwosès ak sou Espas Travay

Anplwaye ki ansent yo kapab genyen lòt dwa anplis selon Lwa Medikal ak Familyal la (FMLA), ki aplike pa Depatman Travay Etazini an.  Manman k’ap jere timoun kapab genyen dwa tou pou rale lèt nan espas travay la daprè dispozisyon Lwa sou Nòm Travay Ekitab ki aplike pa Divizyon Salè ak Lè Depatman Travay Etazini an.  Gade http://www.dol.gov/whd/regs/compliance/whdfs73.htm.

Pou plis enfòmasyon konsènan Lwa sou Konje Medikal Familyal la oswa tan poz pou manman k’ap jere timoun yo, ale sou http://www.dol.gov/whd, oswa rele 202-693-0051 oswa 1-866-487-9243 (vwa), 202-693-7755 (TTY).