Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Pwoteksyon pou Biznis/Anplwayè Prive

Pwoteksyon pou Biznis/Anplwayè Prive

Pwoteksyon Jeneral

Si ou genyen yon plent kont yon biznis (oswa kèk lòt anplwayè prive) ki gen rapò ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès), orijin nasyonal, laj (40 oswa plis) andikap oswa enfòmasyon jenetik, biznis la kouvri anba lwa nou aplike yo si li genyen 15 oswa plis anplwaye ki te travay pou anplwayè a pandan pi piti ven (20) semèn kalandriye (pandan ane aktyèl  oswa ane pase a).

Diskriminasyon sou Laj ak Pwoteksyon

Si plent ou an enplike diskriminasyon sou laj, biznis la kouvri anba lwa nou aplike yo si li genyen 20 oswa plis anplwaye ki te travay pou antrepriz la pandan pi piti ven (20) semèn kalandriye (nan ane sa a oswa nan ane pase a).

Lwa sou Peman Egal ak Pwoteksyon

Vityèlman, tout anplwayè ki kouvri anba lwa sou Peman Egal Akt (EPA), ki ran’n li iligal pou peye diferan salè ant gason ak fanm si yo ap fè yon travay ki plizoumwen egal nan menm espas travay la.

Koman pou deside si Biznis/Anplwayè Prive kouvri

Detèmine si yon anplwayè kouvri oswa ki pa kouvri kapab konplike. Si ou pa sèten konsènan si biznis la kouvri, ou ta dwe kontakte youn nan biwo nou yo pi vit ke sa posib pou nou ka pran desizyon sa a. Epitou li enpòtan pou sonje, si yon anplwayè pa kouvri anba lwa nou aplike yo, anplwayè a kapab toujou kouvri pa lwa kont diskriminasyon lokal oswa Eta a. Si se konsa, nou ka refere’w bay ajans lokal oswa ajans Eta a ki aplike lwa sa a.