Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Konnen Dwa Ou: Diskriminasyon nan Travay Ilegal

Konnen Dwa Ou: Diskriminasyon nan Travay Ilegal

Komisyon Ameriken pou Opòtinite Egalego nan Travay (U.S. Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) aplike lwa federal ki pwoteje w kont diskriminasyon nan travay. Si w kwè gen diskriminasyon ki te fèt kont ou nan travay oswa lè w ap aplike pou yon travay, EEOC kapab ede w.

Kimoun ki Pwoteje?

  • Anplwaye (aktyèl ak ansyen), ki gen ladan yo kad ak anplwaye tanporè
  • Moun k ap chèche travay
  • Manm sendika yo ak moun ki aplike pou vin manm nan yon sendika

Ki Òganizasyon ki Konsène?

  • Pifò anplwayè prive yo
  • Administrasyon lokal ak Eta (kòm anplwayè)
  • Enstitisyon Ansèyman (antanke anplwayè)
  • Sendika
  • Ajans rekritman

Ki Kalite Diskriminasyon nan Travay ki Ilegal?

Dapre lwa EEOC yo, yon patwon pa dwe fè diskriminasyon kont ou, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon w, sou baz:

  • Ras
  • Koulè
  • Relijyon
  • Orijin nasyonal
  • Sèks (ki vle di gwosès, akouchman ak pwoblèm medikal ki konekte yo, oryantasyon seksyèl, oswa idantite sèks)
  • Laj (40 lane oswa plis)
  • Andikap
  • Enfòmasyon jenetik (tankou demann patwon pou, swa achte, itilize, oswa divilge tès jenetik, sèvis jenetik oswa antesedan medikal familyal)
  • Reprezay paske ou pote plent, opoze w a on diskriminasyon nan yon jan ki rezonab, oswa patisipe nan yon pouswit jidisyè, ankèt oswa pouswit kont diskriminasyon
  • Entèferans, presyon oswa menas ki gen rapò ak egzèsis dwa fonde sou diskriminasyon akoz andikap oswa akomodasyon pou gwosès.

Ki Pratik nan Travay ou ka Konsidre kòm Diskriminatwa?

Tout aspè nan travay, tankou:

  • Konjedye, revoke, mete an disponibilite
  • Pèsekisyon (sa gen ladan konpòtman vèbal oswa fizik endezirab)
  • Rekritman oswa pwomosyon
  • Afektasyon
  • Salè (inegalite nan reminerasyon oswa konpansasyon)
  • Absans amenajman rezonab pou yon andikap; gwosès, akouchman, oswa pwoblèm medikal ki gen pou wè ak sa; oswa yon kwayans, obsèvans oswa pratik relijye ki chè anpil
  • Avantaj    
  • Fòmasyon pwofesyonèl   
  • Klasifikasyon
  • Referans
  • Jwenn oswa divilge enfòmasyon jenetik anplwaye
  • Mande oswa divilge enfòmasyon medikal anplwaye
  • Konpòtman ki siseptib pou l dekouraje yon moun opoze l a diskriminasyon, depoze yon plent, oswa patisipe nan yon ankèt oswa yon pouswit
  • Konpòtman ki fòse, entimide, menase oswa ki anpeche yon moun egzèse dwa li, oswa ede oubyen ankouraje yon lòt moun pou egzèse dwa pa li, nan sa ki gen pou wè ak diskriminasyon baze sou andikap (ki gen ladan amenajman) oswa amenajman pou gwosès.

Kisa W ka Fè Si W Kwè Gen Diskriminasyon?

Kontakte EEOC san pèdi tan si ou sispèk diskriminasyon. Pa tann lontan, paske gen delè estrik pou depoze yon plent pou diskriminasyon (180 oswa 300 jou, selon kote w ap viv/travay). Ou kapab kontakte EEOC nan youn nan fason sa yo:

Gen plis enfòmasyon sou EEOC, tankou enfòmasyon sou kijan pou depoze yon plent pou diskriminasyon, ki disponib sou www.eeoc.gov.

Anplwayè ki gen Kontra oswa Kontra Soutretans Federal

Biwo Pwogram Konfòmite Kontra Federal (Office of Federal Contract Compliance Programs, OFCCP) Depatman Travay la garanti respè angajman kont diskriminasyon ak mezi diskriminasyon pozitiv (affirmative action) konpayi k ap fè biznis ak Gouvènman Federal la yo ap pran. Si w ap prezante kandidati w pou yon travay nan, oswa ou se yon anplwaye nan yon konpayi ki gen kontra oswa kontra Soutretans federal, ou gen pwoteksyon lwa federal kont diskriminasyon ki baze sou:

Ras, Koulè, Relijyon, Sèks, Oryantasyon Seksyèl, Idantite Sèks, Orijin Nasyonal

Dekrè 11246 la, jan li te modifye a, entèdi konpayi ki gen Kontra federal yo fè diskriminasyon nan travay ki baze sou ras, koulè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl, idantite sèks, oswa orijin nasyonal, epi li egzije yo pran mezi diskriminasyon pozitif (affirmative action) pou asire gen egalite nan opòtinite nan tout aspè travay.

Poze Kesyon, Divilge oswa Diskite Salè

Dekrè 11246 la, jan li te modifye a, pwoteje kandida pou pòs travay ak anplwaye konpayi ki gen Kontra federal yo kont diskriminasyon akòz sitiyasyon tankou poze kesyon sou, divilgasyon oswa diskisyon sou konpansasyon yo oswa sou konpansasyon lòt kandida oswa anplwaye.

Andikap

Atik 503 Lwa Reyabilitasyon 1973, jan li te modifye a, pwoteje moun kalifye ki andikape kont diskriminasyon nan anbochaj, pwomosyon, revokasyon, salè, avantaj sosyo, fòmasyon pwofesyonèl, klasifikasyon, referans, ak lòt aspè nan travay nan konpayi ki gen Kontra federal yo. Sa konte kòm diskriminasyon baze sou andikap lè amenajman rezonab ki pran limit fizik oswa mantal an konsiderasyon pa fèt pou yon moun andikape ki kalifye apadesa epi ki se yon kandida pou yon pòs travay oswa yon anplwaye, eksepte si sa kreye gwo difikilte pou anplwayè a. Atik 503 a egzije tou pou konpayi ki gen Kontra federal yo pran mezi afimatif pou anplwaye moun kalifye ki andikape epi fè yo pwogrese nan tout nivo nan travay, rive menm nan administrasyon an.

Kategori Veteran Pwoteje

Lwa 1974 pou Asistans Reyajisteman Veteran Epòk Vyetnam nan, jan li te modifye a, 38 U.S.C. 4212, entèdi diskriminasyon nan travay kont, epi egzije diskriminasyon pozitif (affirmative action) pou rekrite, anplwaye, epi kite pwogrese nan travay yo, veteran andikape, veteran ki fèk kite lame (sa vle di, nan twazan apre demobilizasyon oswa lè li kite sèvis aktif), veteran sèvis aktif nan tan lagè oswa ki gen badj kanpay, oswa ki te resevwa meday Fòs Lame.

Reprezay

Li entèdi pou fè reprezay kont yon moun ki depoze yon plent pou diskriminasyon, ki patisipe nan yon pwosedi OFCCP, oswa ki, nan nenpòt ki lòt fason, opoze l a diskriminasyon konpayi ki gen Kontra federal fè dapre lwa Federal sa yo.

Nenpòt moun ki kwè yon konpayi ki gen kontra te vyole obligasyon li pou pa gen diskriminasyon oswa pran mezi diskriminasyon pozitif (affimative action) nan kad otorite OFCCP yo ta dwe kontakte imedyatman:

The Office of Federal Contract Compliance Programs (OFCCP) [Biwo Pwogram Konfòmite Kontra Federal la]
U.S. Department of Labor
200 Constitution Avenue, N.W.
Washington, D.C. 20210
1-800-397-6251 (gratis)

Si ou soud, ou gen pwoblèm pou tande oswa ou gen yon andikap lapawòl, tanpri rele 7-1-1 pou jwenn aksè nan sèvis relè telekominikasyon yo. Ou ka kontakte OFCCP tou lè w soumèt yon kesyon sou Entènèt nan Biwo Asistans OFCCP nan https://ofccphelpdesk.dol.gov/s/ oswa lè w rele yon biwo rejyonal oswa distri OFCCP, ki nan lis pifò anyè telefòn sou non Gouvènman Ameriken, Depatman Travay epi sou paj wèb OFCCP "Kontakte nou" nan https://www.dol.gov/agencies/ofccp/contact.

Pwogram oswa Aktivite k ap Resevwa Asistans Finansye Federal

Ras, Koulè, Orijin Nasyonal, Sèks

Anplisde pwoteksyon Chapit VII nan Lwa sou Dwa Sivil 1964 yo, jan li te modifye a, Chapit VI Lwa sou Dwa Sivik 1964 la, jan li te modifye a, entèdi diskriminasyon sou baz ras, koulè oswa orijin nasyonal nan pwogram oswa aktivite ki resevwa asistans finansye federal. Chapit VI sible diskriminasyon nan travay si objektif prensipal asistans finansye a se bay travay oswa kote diskriminasyon nan travay lakòz oswa ka lakòz diskriminasyon nan bay sèvis nan pwogram sa yo. Chapit IX Amannman Edikasyon 1972 yo entèdi diskriminasyon nan travay sou baz sèks yon moun nan pwogram edikatif oswa nan aktivite ki resevwa asistans finansye federal.

Moun ki gen Andikap

Atik 504 Lwa Reyabilitasyon 1973 la, jan li te modifye a, entèdi diskriminasyon nan travay sou baz andikap nan tout pwogram oswa aktivite ki resevwa asistans finansye federal. Tout aspè diskriminasyon entèdi nan travay kont moun ki andikape ki, avèk ou san amenajman rezonab, kapab rempli fonksyon esansyèl nan travay la.

Si w kwè diskriminasyon fèt kont ou nan yon pwogram nan nenpòt enstitisyon ki resevwa asistans finansye federal, ou ta dwe kontakte Ajans federal ki bay asistans sa a imedyatman.

(Revizyon 27/06/2023)