Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Pandemi COVID-19 ak Diskriminasyon kont Moun k ap Bay Swen Dapre Lwa Federal sou Diskriminasyon nan Travay

Pandemi COVID-19 ak Diskriminasyon kont Moun k ap Bay Swen Dapre Lwa Federal sou Diskriminasyon nan Travay

Pandemi COVID-19 la te gen yon enpak enpòtan sou egzijans travay ak pèsonèl anplwaye yo, sa ki vin oblije anplwaye yo ap jere egzijans nan travay ak nan pran swen fanmi an menm tan, epi pafwa, egzijans travay la ak egzijans pèsonèl yo an konfli. Chanjman ki fèt britsoukou nan yon lye travay, nan orè oswa nan sitiyasyon travay yo te fòse plizyè milyon Ameriken ki gen responsablite swen timoun, mari oswa madanm, patnè, paran ki aje, moun ki gen andikap, oswa lòt moun toujou, pou yo adapte yo rapidman ak de sikonstans ki diferan anpil. 

Menm lè pandemi an ap evolye, defi pou navige ant obligasyon travay ak swen toujou rete. Gen kèk travay, klas lekòl ak etablisman swen ki ka fonksyone sou orè ibrid, ki mande oswa oblije anplwaye yo pou yo travay plis tan, oswa fèmen byen san yo pa bay anpil tan preyavi. Anplwaye yo ka oblije mete yo an karantèn sanzatann si yomenm oswa manm fanmi yo kapab te ekspoze oswa enfekte ak COVID-19. Kèk anplwaye k ap viv nan menm kay ak moun ki malad fasil (iminite fèb), timoun ki twò piti pou yo pran vaksen kont COVID-19, oswa lòt moun ki vilnerab ka pa vle retounen nan lokal travay la. 

Diskriminasyon kont yon moun ki gen responsablite pou bay swen ka ilegal dapre lwa federal sou diskriminasyon nan travay ke Komisyon pou Opòtinite Egal nan Travay (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) aplike a. Nan dokiman asistans teknik sa a, EEOC aplike pozisyon de prensip ki etabli pou diskite ka kote diskriminasyon kont kandida ak anplwaye ki gen rapò ak responsablite pou bay swen pandan pandemi yo ka pa respekte Lwa sou Dwa Sivil 1964 (Chapit VII) (Civil Rights Act of 1964, Title VII), Chapit I ak V nan Lwa sou Ameriken Ki gen Andikap 1990 (Americans with Disabilities Act 1990, ADA) (oswa Seksyon 501 ak 505 nan Lwa sou Reyabilitasyon 1973 (Rehabilitation Act of 1973, Rehabilitation Act), oswa lòt lwa ke EEOC fè aplike. Dokiman sa a ranfòse yon ansyen gid estratejik ak fich enfòmasyon EEOC ansanm ak yon dokiman sou pi bon pratik pou anplwayè yo, tout diskite diskriminasyon kont moun k ap bay swen nan yon pakèt sikonstans ki depase pandemi an.

  1. Kilè diskriminasyon kont kandida pou yon pòs oswa anplwaye ki gen responsablite pou bay swen vyole lwa federal kont diskriminasyon nan travay yo?

    Diskriminasyon kont moun k ap bay swen vyole lwa federal kont diskriminasyon nan travay lè li baze sou sèks (tankou gwosès, oryantasyon seksyèl, oswa idantite sèks), ras, koulè, relijyon, orijin nasyonal, laj (40 oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik (antesedan medical fanmi) yon kandida pou yon pòs oswa yon anplwaye. Diskriminasyon kont moun k ap bay swen ilegal tou si li baze sou asosyasyon yon kandida pou yon pòs oswa anplwaye ak yon moun ki gen yon andikap, dapre definisyon ADA a, oswa sou ras, etnisite, oswa lòt karakteristik pwoteje moun k ap resevwa swen an. Finalman, diskriminasyon kont moun k ap bay swen vyole lwa sa yo si li baze sou konbinezon ant karakteristik sa yo (pa egzanp, diskriminasyon kont Fanm Nwa k ap bay swen ki baze sou prejije sou ras ak sèks, oswa diskriminasyon kont Fanm Kretyèn k ap bay swen ki baze sou prejije sou relijyon ak sèks). Gade Kesyon 11 la pou plis enfòmasyon sou diskriminasyon ki konbine. 

    Dokiman sou pi bon pratik EEOC a gen sijesyon ladann sou kijan anplwayè yo ka ajoute pwoblèm moun k ap bay swen nan règleman EEO yo. Gade Kesyon 15 la pou plis enfòmasyon sou fè, eksplike epi aplike règleman travay.

    Lwa federal kont diskriminasyon nan travay pa entèdi diskriminasyon nan travay ki baze sèlman sou sitiyasyon moun k ap bay swen. Men sepandan, kèk lwa kont diskriminasyon nan Eta a oswa gouvènman lokal la ka bay moun k ap travay epi ki gen responsablite pou bay swen plis pwoteksyon. Anplwaye ki gen responsablite pou bay swen yo ka gen dwa dapre lòt lwa tou, tankou Lwa sou Konje pou Fanmi ak Konje Maladi (Family Medical Leave Act) ke Depatman Travay fè aplike, oswa lwa Eta oubyen lwa administrasyon lokal ki menm jan an. Dokiman sa a sèlman adrese dwa dapre lwa federal kont diskriminasyon nan travay EEOC fè aplike yo.

  2. Kisa ki kèk egzanp diskriminasyon ilegal kont kandida pou yon pòs oswa anplwaye fi ki gen responsablite pou bay swen?

    Diskriminasyon ilegal kont travyè fi paske y ap bay swen ka manifeste plizyè fason ki souvan lye ak prejije seksis sou responsablite oswa wòl moun ki dwe bay swen. Pa egzanp, sa t ap vyole lwa a si yon patwon ta refize anboche yon kandida pou yon pòs fi oswa ta refize bay yon anplwaye fi pwomosyon paske li baze li sou sipozisyon tankou, paske li se fi, l ap (oswa ta dwe) konsantre li plis sou pran swen pitit li ki piti pandan yo nan lekòl a distans, oswa pran swen paran li oswa lòt granmoun nan fanmi li. Anplwayè yo pa gen dwa sanksyone anplwaye fi yo pi plis pase anplwaye gason ki nan menm sitiyasyon an pou absans oswa delè ki pa respekte paske yo oblije bay swen akoz pandemi a.

    Li ilegal pou anplwayè yo baze desizyon travay sou prejije seksis, menm si desizyon sa yo fèt ak bon entansyon. Pa egzanp, anplwayè yo pa ka refize konfye fi k ap pran swen fanmi yo pwojè egzijan oswa prestijye ki kapab ogmante potansyèl avansman yon anplwaye men ki nesesite pou travay lè siplemantè oswa vwayaje, oswa transfere pwojè sa yo soti nan men yon fi k ap pran swen fanmi yo, dapre ke anplwayè sipoze ke desizyon sa yo ap rann li pi fasil pou anplwaye fi yo jere obligasyon familial ak pèsonèl yo, oswa dapre kwayans ke fi ka pa kapab oswa ta prefere pa travay lè siplemantè oswa rete lwen fanmi yo si yon manm nan fanmi yo enfekte oswa ekspoze ak COVID-19.

    Sepandan, si anplwaye ki gen responsablite pou bay swen yo mande travay ki gen yon orè previzib oswa ki pa egzije plis lè oswa vwayaj, anplwayè yo ka akòde demann sa yo selon volonte pa yo depi yo fè li yon jan ki pa temwanye diskriminasyon. 

  3. Èske kandida pou yon pòs ak anplwaye gason yo gen pwoteksyon kont diskriminasyon kont moun ki bay swen ki baze sou sèks?

    Wi. Li ilegal pou anplwayè yo fè diskriminasyon kont gason ki bay swen ki akoz de sèks yo oswa akoz de prejije seksis ki di gason se sous lajan kay la epi fanm la pou bay swen. Pa egzanp, li ta ilegal pou yon anplwayè refize gason konje oswa pèmisyon pou yo travay yon orè fleksib pou yo ka pran swen yon manm nan fanmi yo ki gen COVID-19 oswa pou fè lòt bagay ki gen rapò ak bay swen pandemi si anplwayè a pèmèt fi fè sa nan menm sitiyasyon an. Li t ap ilegal tou, pa egzanp, pou yon anplwayè ta baze li sou sèks pou li refize yon gason ki gen responsablite pou bay swen ki mande eksepsyon nan règleman pou retounen nan travay yo oswa règleman pou prezans yo.

  4. Èske kandida pou yon pòs ak anplwaye LGBTQI+ yo gen pwoteksyon kont diskriminasyon kont moun ki bay swen ki baze sou sèks?

    Wi. Li ilegal pou anplwayè yo fè diskriminasyon kont kandida pou yon pòs ak anplwaye LGBTQI+ ki gen responsablite pou bay swen, ki baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl yo. Pa egzanp, patwon yo pa ka enpoze pwosedi ki pi egzijan sou anplwaye LGBTQI+ ki fè demann pou yo ka pran swen fanmi yo, tankou mande yo prèv yon relasyon konjigal oswa prèv lyen parante yo ak lòt moun ki bezwen swen an, si yo pa enpoze kondisyon sa sou lòt anplwaye ki fè demann sa yo. Nonplis tou, anplwayè yo pa kapab, pa egzanp, refize yon anplwaye ki gen yon patnè menm sèks avèk li konje pou l bay swen akoz oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl anplwaye a, oswa patnè anplwaye a.

  5. Èske lwa federal kont diskriminasyon nan travay bay anplwaye dwa pou amenajman rezonab tankou travay a distans, orè fleksib oswa rediksyon deplasman oswa lè siplemantè paske yo se moun k ap bay swen?

    An jeneral, non. Lwa EEOC fè aplike yo pa bay anplwaye dwa pou amenajman rezonab pou regle zafè bay swen yo. Sepandan, anplwaye ki pa kapab ranpli fonksyon travay yo akòz gwosès, akouchman, oswa pwoblèm sante ki lye ak sa, dwe resevwa menm tretman ak lòt anplwaye ki pa kapab fè devwa travay yo pandan yon peryòd. Gade Kesyon 8 la.

    Anplis de sa, anplwaye ki gen responsablite pou bay swen yo ka gen dwa dapre lòt lwa, tankou dwa pou yo pran konje pou rezon swen ke Lwa sou Konje pou Fanmi ak Konje Maladi (Family Medical Leave Act) ke Depatman Travay fè aplike a kouvri, oswa lwa Eta oswa lwa administrasyon lokal ki menm jan an. Anplwayè yo ka fè amenajman sa yo selon volonte pa yo depi yo fè li yon jan ki pa temwanye diskriminasyon.

  6. Kisa ki kèk egzanp diskriminasyon kont gwosès ki gen rapò ak pandemi an?

    Diskriminasyon kont gwosès ki gen rapò ak pandemi an ka vini nan divès fason. Pa egzanp, li t ap ilegal pou yon anplwayè refize anboche kandida pou yon pòs ansent, oswa bese grad li oubyen refize bay anplwaye ansent pwomosyon dapre sipozisyon ke moun sa yo pral oswa ta dwe konsantre yo prensipalman sou sekirite ak sante gwosès la. Li ta ilegal tou, pa egzanp, pou yon anplwayè pèmèt anplwaye yo digonen tout tan yon kòlèg ki ansent paske li kenbe yon distans fizik ak kòlèg li yo, chanje orè yo, travay a distans, oswa pran lòt aksyon pou evite ekspozisyon oswa enfeksyon COVID-19. Gade Kesyon 14 ak 15 yo pou plis enfòmasyon sou pèsekisyon nan travay.

    Anplwaye ki ansent yo ka gen dwa pou amenajman rezonab tou nan sèten sikonstans. Gade Kesyon 8 la pou plis enfòmasyon. 

  7. Èske anplwayè yo kapab pran desizyon poukont yo pou egzije pou anplwaye ki ansent travay a distans oswa ajiste orè yo pou limite kontak ak kòlèg, kliyan, oswa lòt moun ke sitiyasyon yo pa rapò COVID-19 oswa vaksinasyon an enkoni, pou ede kenbe anplwaye ansent yo an sekirite?

    Non. Desizyon nan travay ki baze sou gwosès yo ilegal, menm si se pou rezon swadizan byenveyan yo te deside. Men, anplwayè yo ka ofri pou analize ak anplwaye ki ansent yo pou wè si yo swete adopte mezi sa yo oswa lòt volontèman.

  8. Èske anplwayè oblije fè amenajman pou travayèz ki ansent?

    Travayèz ki ansent yo ka gen dwa, dapre Chapit VII, pou jwenn avantaj tankou modifikasyon fonksyon yo, lòt afektasyon, oswa konje, epi/oswa yo ka gen dwa pou amenajman rezonab dapre ADA oswa Rehabilitation Act la. 

    Dapre Chapit VII, si anplwayè yo ofri fonksyon lejè, transfè oubyen modifikasyon orè travay, oswa konje pou anplwaye ki pa kapab ranpli fonksyon yo pandan yon peryòd, yo dwe ofri opsyon sa yo bay anplwaye ki, pandan yon peryòd, pa kapab ranpli fonksyon yo akoz gwosès, akouchman oswa yon kondisyon sante ki gen rapò ak sa. Pa egzanp, si anplwaye ki gen gwo fatig, difikilte pou respire, oswa tèt fè mal akoz COVID-19 jwenn konje pou rekipere ak/oswa travay lejè lè yo retounen travay, anplwayè yo dwe bay anplwaye ki pa kapab travay pou yon peryòd oswa ki pa kapab ranpli kèk fonksyon nan travay la akoz gwosès, akouchman, oswa yon kondisyon sante ki lye ak sa, opsyon sa yo.

    Gwosès pa yon andikap dapre ADA oswa Rehabilitation Act la men kèk kondisyon sante ki lye ak gwosès ka andikap dapre lwa sa yo. Anplwaye ansent ki gen andikap sa yo gen dwa resevwa yon amenajman rezonab, si yo nesesè pou ranpli fonksyon esansyèl travay la epi si amenajman yo p ap prezante twòp kontrent (gwo difikilte oswa depans) pou anplwayè yo.

    Lòt lwa federal, lwa Eta a ak lwa lokal ka bay travayèz yo divès pwoteksyon tou, tankou dwa a yon amenajman akoz yon gwosès epi dwa pou pran poz rezonab ansanm ak yon kote prive nan travay la pou tire lèt yo pou anplwaye k ap bay timoun tete.

  9. Ki jan diskriminasyon ilegal ki baze sou responsablite yon kandida pou yon pòs oswa yon anplwaye pou li bay yon moun ki gen andikap swen nan kad pandèmi an kapab rive?

    Li ilegal pou yon anplwayè fè diskriminasyon kont yon kandida pou yon pòs oswa yon anplwaye akoz asosyasyon moun sa a ak yon moun ki gen yon andikap. Poutèt sa, kandida pou yon pòs ak anplwaye ki gen responsablite pou pran swen yon moun ki gen yon andikap, pami yo ka gen moun ki gen COVID-19 oswa sentòm ki pèsistan, gen pwoteksyon kont diskriminasyon ki baze sou asosyasyon yo ak moun k ap resevwa swen an. Pa egzanp, li t ap ilegal dapre ADA (oswa Rehabilitation Act) pou yon anplwayè refize demann konje san peye yon anplwaye fè pou pran swen yon paran ki gen COVID pèsistan (ki pa janm pase) ki se yon andikap dapre lwa sa yo, pandan l ap apwouve demann konje san peye lòt anplwaye yo pou okipe lòt responsablite pèsonèl yo. Sa depann de sikonstans yo, sa ka vyole Lwa sou Konje pou Fami ak Konje Maladi a tou ke Depatman Travay fè aplike a, oswa lwa Eta a oubyen lwa administrasyon lokal ki menm jan.

    Li ta ilegal tou, pa egzanp, pou yon anplwayè refize bay yon anplwaye ki se moun prensipal k ap pran swen yon timoun ki gen yon andikap sante mantal ki te vin pi mal pandan pandemi an pwomosyon, paske anplwayè a sipoze ke anplwaye a p ap fin disponib nèt pou kòlèg ak kliyan yo oswa twò envesti nan travay la, akoz obligasyon anplwaye a pou li pran swen yon timoun ki gen yon andikap. Epi li t ap ilegal, pa egzanp, pou yon anplwayè refize anboche yon kandida pou yon pòs paske madanm li gen yon andikap ki fè madanm kandida pou yon pòs an gen yon risk ki pi wo pou li malad grav akoz COVID-19, epi anplwayè a pè pou depans asirans sante li pa ogmante si madanm kandida pou yon pòs an vin ajoute nan plan asirans sante a. An plis de sa, si kandida pou yon pòs sa ta anboche, li t ap ilegal pou anplwayè a refize ajoute madanm li nan plan asirans sante òganizasyon an akoz andikap madanm li genyen an. 

  10. Kisa ki kèk egzanp diskriminasyon ilegal ki baze sou ras oswa orijin nasyonal ki ka fèt kont anplwaye ki gen responsablite pou bay swen?

    Diskriminasyon ki baze sou ras ak/oswa orijin nasyonal anplwaye yo, tankou prejije ki baze sou ras oswa etnisite oswa jeneralite ki gen rapò ak pandemi an, ilegal. Pa egzanp, anplwayè yo pa kapab pi egzijan ak anplwaye azyatik ki gen responsablite bay swen yo, tankou mande pou Azyatik ki gen responsablite bay swen yo bay prèv ki montre estati vaksinasyon COVID-19 yo oswa plis prèv ki montre estati vaksen kont COVID-19 fanmi yo ke yon tyès pati endepandan (yon lòt moun ki pa anplwayè a oswa ajan anplwayè a) bay, paske COVID-19 te idantifye an premye nan yon peyi azyatik. 

    Anplwayè yo pa gen dwa baze l sou ras oswa orijin nasyonal yon anplwaye oswa moun k ap resevwa swen nan men li a pou li aplike nòm diferan oswa egzije pwosedi ki diferan pou demann moun k ap bay swen fè ki gen rapò ak pandemi an. Pa egzanp, li t ap ilegal pou yon anplwayè refize demann konje yon anplwaye pou l al pran swen yon kouzen ki soti nan yon lòt peyi ki fèk resevwa yon dyagnostik COVID-19, paske gen yon varian COVID-19 ki te idantifye an premye nan peyi orijin kouzen an. Li t ap ilegal tou, pa egzanp, pou yon anplwayè ta egzije pou anplwaye nwa oswa anplwaye azyatik yo ta soumèt demann konje, orè fleksib, oswa travay a distans yo alekri epi pou yo tann plizyè jou avan yo jwenn repons, pandan y ap pèmèt anplwaye lòt ras oswa orijin nasyonal ki nan menm sitiyasyon an fè demann sa yo vèbalman epi jwenn repons imedyatman.

    Diskriminasyon kont travayè ki gen responsablite pou bay swen ki baze sou sitwayènte oswa estati imigrasyon travayè a kapab ilegal tou dapre yon lwa ke Depatman Jistis fè aplike.

  11. Kisa ki yon egzanp konbinezon diskriminasyon ilegal ki sible kandida pou yon pòs oswa anplwaye ki gen responsablite pou bay swen?

    Desizyon nan travay yo ilegal si yo baze sou yon karakteristik ke lwa federal kont diskriminasyon nan travay pwoteje, tankou sèks, ras, oswa orijin nasyonal. Desizyon sa yo ilegal tou si yo baze sou konbinezon de (2) oswa plis karakteristik ke lwa EEOC fè aplike yo pwoteje. Pa egzanp, yon anplwayè pa gen dwa refize apwouve demann konje ki lye ak pandemi a ke yon anplwaye gason amerendyen ki gen responsablite pou bay swen, si li apwouve demann sa yo lè anplwaye fi amerendyèn ki nan menm sityasyon an oswa anplwaye lòt ras oswa orijin nasyonal ki nan menm sityasyon an fè yo.

  12. Èske anplwaye aje yo gen dwa, akoz laj yo, pou jwenn amenajman tankou travay lakay, orè fleksib, oswa konje pou pèmèt yo pran swen manm fanmi yo?

    Non. Lwa sou Diskriminasyon sou Laj nan Travay (Age Discrimination in Employment Act, ADEA) pa bay anplwaye ki pi aje yo dwa pou yo jwenn yon amenajman rezonab pou bay swen oswa nenpòt lòt rezon. Sepandan, anplwayè yo ka, selon diskresyon yo, akòde travayè ki pi aje yo konje, orè fleksib, travay a distans, oswa lòt amenajman pou pèmèt yo ranpli obligasyon bay swen yo ki lye ak pandemi a. ADEA pa entèdi anplwayè yo trete travayè ki pi aje yo yon fason ki pi favorab pase travayè ki pi jèn yo akoz de laj travayè ki pi aje yo, malgre gen lwa nan kèk Eta ki pa pèmèt tretman miyò ki baze sou laj an favè travayè ki pi aje yo.

    ADEA egzije anplwayè yo pou yo pa fè diskriminasyon kont travayè ki aje yo akoz de laj yo oswa prejije ki gen rapò ak laj yo. Anplwayè yo ka vyole lwa a si yo baze desizyon nan travay la sou sipozisyon ke travayè aje ki gen responsablite pou bay swen bezwen tretman espesyal, oswa deside yomenm enpoze fason ak kondisyon travay diferan sou travayè aje ki gen responsablite pou bay swen, ki baze sou laj travayè aje yo oswa prejije ki gen rapò ak laj yo. Pa egzanp, si yon travayè aje ap pran swen pitit pitit li pandan paran timoun nan ap rekipere apre COVID-19, li t ap ilegal pou anplwayè travayè a ta oblije travayè a pou li aksepte yon orè redwi paske gen yon enkyetid ke laj travayè a ka fè li manke andirans pou li byen ranpli fonksyon travay aplentan (full-time) pandan l ap pran swen yon timoun piti.

  13. Èske anplwayè yo oblije eskize move pèfòmans si li se rezilta responsablite anplwaye yo pou bay swen pandan pandemi an?

    Non, anplwayè yo pa oblije eskize move pèfòmans ki vini paske anplwaye yo gen resposablite pou bay swen. Pa egzanp, si yon anplwayè bay anplwaye ki vin nan travay an reta yo yon avètisman alekri souvan, patwon an ka emèt avètisman sa yo pou anplwaye ki an reta souvan akoz obligasyon swen yo gen pou bay pa rapò a pandemi an.

    Sepandan, anplwayè yo pa ka aplike nòm pèfòmans yo nan yon jan ki pa konsistan sou anplwaye yo sou baz sèks, ras, asosyasyon yo ak yon moun ki andikape, oswa lòt karakteristik oswa yon ansanm karakteristik ke lwa federal kont diskriminasyon nan travay kouvri. Pa egzanp, anplwayè yo pa ka penalize anplwaye ispanik yo paske yo rate reyinyon pandan y ap sipèvize prezans pitit yo nan lekòl vityèl oswa mennen yon manm fanmi yo nan randevou medikal, pandan y ap inyore konpòtman sa a kay anplwaye ki nan lòt gwoup etnik.

    Anplwayè yo ka vle konsidere tou defi pandemi an enpoze sou tout anplwaye yo, tankou ogmantasyon responsablite bay swen, epi detèmine si, ansanm ak nan ki sikonstans, ajisteman ka fèt nan orè travay, orè reyinyon oswa lòt travay oswa evènman ki gen rapò ak travay yo pou pèmèt anplwaye yo rekonsilye obligasyon pwofesyonèl ak pèsonèl yo san sa pa afekte pèfòmans oswa pwodiktivite yo.

  14. Kisa ki kèk egzanp konpòtman pèsekisyon nan travay ki gen rapò ak responsablite anplwaye pou yo bay swen pandan pandemi an?

    Pèsekisyon nan travay ki gen rapò ak responsablite anplwaye pou bay swen pandan pandemi an ka rive plizyè jan. Pèsekisyon an ka rive, pa egzanp, an pèsòn oswa anliy, nan lokal travay la oswa nan espas travay a distans, oswa pandan travay a distans. Pou konpòtman sa a vyole lwa EEOC fè aplike yo, li dwe satisfè kèk egzijans legal byen presi. Anplwayè yo ta dwe asire yo ke administratè yo konnen kijan pou yo rekonèt epi reponn a konpòtman pèsekisyon nan travay. Gade Kesyon 15 la pou jwenn plis enfòmasyon sou prevansyon pèsekisyon nan travay.

    Pami egzanp konpòtman pèsekisyon nan travay ki gen rapò ak responsablite anplwaye pou bay swen pa rapò ak pandemi ki ka kontribye a yon anviwònman travay ostil ilegal genyen:

    • Denigre anplwaye fi yo paske yo konsantre sou karyè yo olye de fanmi yo pandan yon evènman twomatik tankou yon pandemi;
    • Akize anplwaye fi yo, san jistifikasyon, ke preyokipasyon yo se pwoteje fanmi yo kont COVID-19, yo distrè nan obligasyon pwofesyonèl yo, yo pa devwe yo ase a travay yo;
    • Kritike oswa ridikilize anplwaye gason paske y ap eseye ranpli, oswa y ap ranpli fonksyon bay swen, tankou si yo pran konje pou pran swen yon timoun ki nan karantèn apre yon ekspozisyon posib ak COVID-19, oswa mete limit nan lè siplemantè oswa vwayaj ki mande dòmi deyò, ki baze sou prejije sou sèks ki vle gason kòm moun k ap fè lajan epi fanm kòm moun k ap bay swen;
    • Poze kesyon ki antre nan vi prive oswa fè kòmantè ofansif sou oryantasyon seksyèl anplwaye omoseksyèl (fi/gason) yo apre yo mande yon konje pou okipe mari oswa madanm ki gen menm sèks avèk yo, patnè, oswa ansyen patnè yo, ki gen sentòm COVID-19;
    • Ensilte anplwaye azyatik k ap pran swen manm fanmi yo ki gen COVID-19 paske se nan yon peyi azyatik COVID-19 te idantifye an premye;
    • Bay anplwaye ki pa blan yo yon kantite travay, oswa enpoze delè ki pa rezonab paske yo te mande oswa te resevwa konje pou bay swen akoz pandemi an;
    • Kesyone, san fondman, devouman pwofesyonèl anplwaye k ap pran swen moun ki gen andikap ki gen plis risk pou malad grav akoz COVID-19, oswa bay anplwaye sa yo fawouch sou baz sa a paske yo pran mezi prekosyon pandemi pou evite enfeksyon;
    • Deklare ke anplwaye aje k ap pran swen pitit pitit yo ta dwe ap resevwa swen olye y ap bay li, akoz laj anplwaye yo; oswa mande si moun k ap resevwa swen an “vo risk la”, lè w konsidere pi gwo risk ki genyen pou moun ki pi aje yo vin malad grav akòz COVID-19.
  15. Ki jan anplwayè yo ka ede anpeche pèsekisyon nan travay ki lye ak responsablite pou bay swen pa rapò ak pandemi an?

    Anplwayè yo ka ede anpeche pèsekisyon nan travay, pami lòt bagay, lè yo distribye règleman sou pèsekisyon nan travay ak pwosedi pou pote plent bay tout anplwaye yo detanzantan, poste dokiman yo nan zòn aksesib nan lokal travay la oswa sou entènèt, bay tout anplwaye yo fòmasyon regilyèman sou règleman ak pwosedi yo, epi demontre angajman direksyon konpayi a pou kreye epi kenbe yon anviwònman travay san pèsekisyon nan travay. Anplwayè yo ta dwe aplike règleman kont pèsekisyon nan travay yo ak konsistans nan yon fason ki san diskriminasyon pou tout anplwaye yo; reponn kesyon sou pèsekisyon nan travay yo, enkyetid, oswa plent ki gen rapò ak pèsekisyon nan travay byen vit; epi pran mezi koreksyon ak prevansyon rapid epi apwopriye si pèsekisyon nan travay rive.

    Gen plis enfòmasyon sou prevansyon pèsekisyon nan travay ki disponib sou sitwèb EEOC a, tankou materyèl Ekip Entèvansyon kont Pèseksyon EEOC (Harassment Task Force) an, tankou lis kontwòl anplwayè yo ak faktè risk pèsekisyon ak estrateji pou entèvansyon, pratik ki pozitif pou anpeche pèsekisyon, ak dokiman EEOC COVID-19 Sa W Ta Dwe Konnen (What You Should Know).

  16. Kisa ki kèk egzanp reprezay ilegal kont anplwaye fi ki gen responsablite pou bay swen? Kisa anplwayè yo ka fè pou anpeche yon konpòtman konsa?

    Lwa EEOC fè aplike yo entèdi anplwaye yo fè reprezay kont anplwaye yo paske yo rapòte diskriminasyon nan travay yo, ki patisipe nan pwosedi jidisyè sou diskriminasyon nan travay (tankou envestigasyon oswa pwosè), oswa ki opoze yo, nan yon fason rezonab, a konpòtman ke yo konsidere kòm diskriminasyon nan travay. Anplwaye yo gen pwoteksyon kont reprezay menm si swadizan konpòtman ki konteste a pa yon diskriminasyon ilegal. Lwa federal kont diskriminasyon nan travay la pwoteje moun kont tout fòm reprezay ki ta ka rezonableman siseptib pou li dekouraje yon moun pou li patisipe nan yon aktivite ki pwoteje. Enfòmasyon sou reprezay ilegal ki gen rapò ak COVID-19 dapre lwa federal EEO yo disponib nan dokiman EEOC COVID-19 Sa W Ta Dwe Konnen (What You Should Know).

    Reprezay ilegal kont anplwaye ki gen responsablite pou bay swen yo ka rive plizyè jan. Pa egzanp, yon anplwayè pa kapab refize rerele yon anplwaye ki soti nan mizandisponiblite akoz pandemi an, paske li te depoze yon plent pou diskriminasyon ki lye ak gwosès, oswa chanje orè yon anplwaye ki gen timoun piti pou kreye konfli ak lè pou li mennen epi al chèche timoun lekòl paske li te patisipe nan yon ankèt sou diskriminasyon. Yon anplwayè pa gen dwa transfere nan yon biwo byen lwen, yon administratè ki se moun prensipal k ap pran swen yon paran aje ki nan yon etablisman lokal ki bay asistans pou moun ki viv poukont yo, paske li te li refize obeyi yon lòd diskriminatwa (pa egzanp, yon lòd pou refize anboche yon kandida pou yon pòs, oswa pou revoke yon anplwaye akoz ras moun nan).

    Gen plizyè fason anplwayè yo ka ede anpeche reprezay ilegal. Pa egzanp, anplwayè yo ta dwe bay tout anplwaye ki gen responsablite administratè yo fòmasyon sou obligasyon yo dapre lwa federal kont diskriminasyon nan travay yo, ki gen ladan egzijans pou yo pa fè reprezay. Anplwayè yo ta dwe fè moun ki pote plent yo ak lòt moun ki patisipe nan pwosedi diskriminasyon nan travay tou, konnen dwa yo pou yo pa sibi reprezay epi eksplike kisa yo ta dwe fè si yo kwè yo te sibi reprezay. Anplis desa, anplwayè yo ta dwe fè moun ki konsène yo sonje ke reprezay ilegal epitou entèdi. Sa gen ladann moun ki gen akizasyon diskriminasyon nan travay sou do yo, moun ki te patisipe nan defans yo nan pwosedi diskriminasyon, ak administratè patisipan nan pwosedi diskriminasyon. Anplwayè yo ta dwe tou, pran mezi pou prevansyon ak koreksyon apwopriye si yo detèmine ke ta gen reprezay ki presyon fèt.

  17. Kisa anplwaye yo ta dwe fè si yo kwè y ap sibi diskriminasyon ilegal ki lye ak estati yo kòm moun k ap bay swen?

    Si anplwaye ki gen responsablite pou bay swen kwè gen diskriminasyon k ap fèt kont yo akoz sèks yo, ras yo, andikap yo, asosyasyon yo ak yon moun ki gen yon andikap, oswa yon lòt rezon lwa EEOC a fè aplike a ki pwoteje, yo ka rapòte diskriminasyon an bay anplwayè a atravè konpayi a. 

    Anplwaye nan sektè prive, Eta a ansanm ak administrasyon lokal yo ka rapòte diskriminasyon nan EEOC oswa nan ajans Eta a oswa administrasyon lokal ki fè respekte lwa kont diskriminasyon nan travay pou Eta a oswa administrasyon lokal la. Anplwaye federal yo dwe rapòte diskriminasyon nan Biwo EEO ajans yo a. Anplwaye yo ka rapòte diskriminasyon ki baze sou nasyonalite oswa estati imigrasyon nan Seksyon Dwa Imigran ak Anplwaye nan Divizyon Dwa Sivil Depatman Jistis Etazini an.

    Kandida pou yon pòs ak anplwaye nan sektè prive, Eta a oswa administrasyon lokal yo gen 180 oswa 300 jou pou depoze yon plent pou diskriminasyon nan EEOC. Kandida pou yon pòs ak anplwaye gouvènman federal la yo gen 45 jou pou kontakte yon Konseye EEO. Kapab gen delè diferan ki aplike pou plent ki depoze nan ajans anti diskriminasyon Eta a oswa administrasyon lokal yo. Plis yon plent fèt pi bonè, pi bonè yo ka trete sitiyasyon an.

  18. Kijan anplwayè yo ka jwenn plis enfòmasyon sou fason pou anpeche ak reponn a diskriminasyon ilegal kont moun k ap bay swen?

    Gen plis enfòmasyon sou diskriminasyon kont moun k ap bay swen ki disponib nan gid stratejik, fich enfòmasyon ki lye ak sa, ansanm ak dokiman pi bon pratik pou anplwayè yo. 

    Gen plis enfòmasyon sou aplikasyon lwa EEOC fè respekte a pa rapò a COVID-19 ki disponib nan dokiman EEOC COVID-19 Sa ou ta dwe konnen.

    Pou mande enfòmasyon sou aktivite sansibilizasyon ak edikasyon EEOC konsènan diskriminasyon ilegal kont moun k ap bay swen dapre lwa federal kont diskriminasyon nan travay, anplwayè yo ka kontakte Kowòdonatè Aktivite Sansibilizasyon Ak Edikasyon EEOC lokal yo. Ti antrepriz yo ka kontakte Lyezon EEOC pou Ti Antrepriz lokal yo.